🇺🇸🇭🇹
🇺🇸🇭🇹
Lekòl, enstitisyon edikatif ak òganizasyon k ap sèvi kominote yo kapab fè yon demann pou resevwa ekipman enfòmatik nan men ZanmiLwen si yo satisfè sèten kritè konsènan kredibilite yo, objektif yo, bezwen yo ak preparasyon yo.
Kredibilite: Òganizasyon an dwe deja montre li gen eksperyans ak bon rezilta nan bay kominote a sèvis.
Objektif: Òganizasyon an dwe gen yon objektif ki klè e ki kapab evalye pou ekipman li mande yo.
Bezwen: Òganizasyon an dwe montre li gen bezwen finansye.
Preparasyon: Òganizasyon an dwe gen yon plan pou pèsonèl, espas, kouran elektrik ak lòt enfrastrikti ki nesesè pou reyalize objektif li fikse yo.
Nou prezante detay pwogram nan pi ba a. Klike sou «Soument Yon Aplikasyon». pou soumèt yon demann ekipman.
ZanmiLwen ap travay pou bay lekòl ann Ayiti solisyon teknoloji edikatif ki pa koute twòp, ki efikas epi ki kapab fonksyone dirab sou plan teknik. Nou bay sitou solisyon enfòmatik ki baze sou Linux, ki gen ladan yo:
Yon rezo enfòmatik konplè, estandadize, ki deja konfigire epi ki pare pou itilize (sèvè, pòs travay, enprimant, routè, elatriye).
Yon pwosedi senp pou retabli sistèm yo, ki pèmèt remete òdinatè yo nan eta yo te ye lè yo te delivre yo a nan mwens pase 10 minit, lè sa nesesè.
Plis pase 500 liv lib an fransè ak kreyòl ki deja chaje sou sistèm nan.
Plizyè dizèn lojisyèl edikatif ki deja enstale (PhET, Scratch, Tux, Anki, elatriye).
Aksè san entènèt ak resous tankou Wikipedia, Khan Academy, Bibliyotèk Gutenberg, elatriye, atravè rezo lokal la.
Videyo ansèyman an fransè ak kreyòl pou ede pwofesè ak administratè sistèm enfòmatik yo kòmanse itilize sistèm yo byen vit.
Nou mete imaj sistèm nou yo disponib pou telechaje. Konsa, nenpòt moun kapab repwodui pati lojisyèl solisyon nou yo sou prèske nenpòt lòt òdinatè, menm sou ansyen òdinatè yo.