🇺🇸🇭🇹
🇺🇸🇭🇹
Ansanm, manm ekip ZanmiLwen an genyen:
● Plis pase 5 ane eksperyans nan travay sou teren ann Ayiti
● Plis pase 10 ane eksperyans nan jeni sistèm Linux
● Plis pase 10 ane eksperyans nan ansèyman teknoloji nan nivo inivèsite
● Plis pase 10 ane eksperyans nan itilizasyon resous edikatif lib
● Yon bon metriz lang kreyòl ayisyen an ak yon bon konesans kilti ayisyen an
Eksperyans sa yo ban nou kapasite pou nou konsevwa, mete sou pye epi bay solisyon ki adapte ak defi ansèyman teknoloji ann Ayiti. Nou vize solisyon ki fasil pou adopte, ki pa koute twòp, ki efikas epi ki kapab dire lontan.
ZanmiLwen jwenn sipò volontè, zanmi ak donatè prive ki bay tan yo, ankourajman yo ak kontribisyon finansye yo avèk jenewozite pou ede nou reyalize misyon nou.