Mete Teknoloji Enfòmatik nan Lekòl Ayiti Sou Yon Sèl Estanda
Misyon ZanmiLwen se ede plis moun ann Ayiti devlope konpetans yo nan teknoloji dijital pi vit. Pou sa, nou ap 1) devlope estanda pou lojisyèl yo itilize nan lekòl ann Ayiti epi 2) mete sou pye modèl laboratwa enfòmatik dirab toupatou nan peyi a.
Nou bezwen sipò ou!
100% lajan ZanmiLwen resevwa pou finanse aktivite li yo soti nan don moun ki pataje misyon ak vizyon òganizasyon an. Chak dola ede ranfòse mouvman chanjman n ap bati ansanm nan.